Lachinn mande peyi Panama pou pran pi bon desizyon nan retire kò li nan “Inisyativ Senti Wout” la

276
0
Share:
TRiboLAND

Par TRiboLAND.com

Peyi Lachinn di li regrèt dènye desizyon peyi Panama pou li retire kò li nan pwogram “Inisyativ Senti Wout” Lachinn lan; li ankouraje peyi latino-ameriken an pou li pran bonjan desizyon nan sans sa.

Nan yon rankont ke vis-minis Afè Lòt Bò Dlo peyi Lachinn lan, Zhao Zhuyuan te fè avèk anbasadè Panama a nan peyi Lachinn, kote ke diplomat chinwà a fè santi prewokipasyon li fas ak dènye desizyon peyi Panama pran an, daprè sa ki di nan kominike Afè Lòt Bò Dlo a.

Zhao fè konnen ke Peken reyèlman regrèt desizyon Panama a. Li rabat pou li di ke yon parèy desizyon pa nan enterè fondamantal Panama. “Nou espere ke peyi Panama kapab ekate li kont tout fòm enjerans etranjè e pran bonjan desizyon fas ak sitiyasyon global relasyon bilateral yo ak enterè alon tèm 2 nasyon yo”, daprè sa ki soti nan kominike a.

Share:

Leave a reply