Yon lòt lokalite tonbe anba men bandi sangwen nan Kenskòf

241
1
Share:
TRiboLAND

Kenskòf, Ayiti____(TRiboLAND) Bwa Majò nan komin Kenskòf, se yon lòt lokalite ki tonbe anba kontwòl bandi yo nan lanwit madi 28 pou rive mèkredi 29 janvye 2025 lan.

Enfòmasyon yo fè konnen ke bandi sangwen kap dirije anba lobedyans asosyasyon malfektè “Viv Ansanm”, te atake avèk anpil ferosite lokalite Bwa Majò ki trouve li nan komin Kenskòf. Yo rache, yo touye e mete dife san oken fòm prosè.

Antouka, gang sansal deklare yon lòt fwa ankò bay gouvènman an : “me kwa manman’w, me kwa papa’w”. Difinitivman, lis tèritwa pèdi a ogmante avèk Bwa Majò, yon lokalite ki tonbe anba je otorite yo ki prouve yon lòt fwa ankò enkonpetans yo nan restore otorite Leta anndan peyi a.

Share:

1 comment

  1. Santina Allum 1 February, 2025 at 16:22 Reply

    naturally like your website however you need to check the spelling on quite a few of your posts. Many of them are rife with spelling issues and I find it very bothersome to tell the truth then again I will certainly come again again.

Leave a reply