Lapolis fouke Dannecy Lafalaise aprè ke li te asasine pwòp mari li

425
2
Share:
TRiboLAND

11 – 03 – 2024

Jakmèl, Ayiti______(TRiboLAND) Li genyen sèlman 21 lane, Dannecy Lafalaise jwen arestasyon li Mòn Kle, nan Jakmèl aprè ke li fin asasine mari li, Jean Negot Dominique jounen samdi 2 novanm 2024 la.

Ajan Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè Jakmèl yo fouke Dannecy nan moman li te nan mawon. Pwezime koupab la fè konnen se yon zak envolontè ke li komèt aprè yon deblozaj ak mari li; li pa kapab imajine sa!

Krim sila ki trè kontrevèse nan depatman Sidèt peyi a, divize popilasyon an. Genyen temwen ki estime ke se pè ak latranblad ki koz regretableman li touye Jean Negot; konsa, yo ba li youy sipò yo. Sepandan, kèk lòt moun estime ke lajistis bay Dannecy mounen pyès li fas ak yon parèy krim.

Antouka, nan moman sila, Dannecy cho li fwèt dèyè bawo ap tann lajistis; alòske mari li enstale 2 pye devan nan tiwà mòg ap glase ap tann antèman.

Share:

2 comments

  1. Silienord wilma 4 November, 2024 at 22:09 Reply

    Mw wè nivo ensekirite a de jou an jou lap
    plis ogmante nan peyi a .se pou l’ETA peyi nou pwan plis kapsite pou jan de krim sa yo sispann nan peyi a. Dam sa kriminèl anpil wi poul gnyn maril li assasine li.

Leave a Reply to Jeff BERNARD Cancel reply