Yon gwo bawon politik nan depatman Nòdwès la di planèt Tè a baybay.

755

Ansyen Senatè, Dr. Luc Fleurinord di planèt Tè a bay bay, se jounalis Jean Rodlet Jean Baptiste ki gaye nouvèl la.

11-21-23

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Se avèk anpil tristès, bouch pa gou, sal redaksyon nouvèl TRiboLAND aprann tris nouvèl lanmò ansyen senatè depatman Nòdwès la, Dr. Luc Fleurinord, jounen lendi 20 novanm 2023 a.


Apre anpil kout fil agòch adwat, TRiboLAND ta pral konfime ke ansyen kandida pou pòs prezidan nan lane 2010 la, ta pral pran devan, apre li te fin pase yon bon bout tan ap soufri.

Li enpòtan pou konnen, Dr Luc Fleurinord se te yon n nan bawon politik depatman Nòdwès la janm konnen, yon sèvo. Li se te sèl kandida pou pòs prezidan nan epòk la, ki ta pral fè plis vwa nan eleksyon 2010 yo, ke prezidan dalò a, ki se defen prezidan René Preval. Dr. Luc Fleurinord, se te manm pati politik ki pote non MIRN nan.

Nan sans sa a, sal redaksyon nouvèl TRiboLAND voye tout mo rekonfò li bay fanmi, zanmi ak alye gwo potorik gason politik sa a, Dr. Luc Fleurinord.

Comments are closed.