Refleksyon agwonòm Rethone Jose II, sou metòd ibanizasyon kòm mwayen ki kapab diminye pwodiksyon agrikòl san destriksyon.

09-19-2023
Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Pou soutni tèz li an, agwonòm Rethone Jose II itilize kèk foto ki sòti nan lokalite Mersan, premyè seksyon kominal Kanperen, depatman Sid peyi Dayiti, kole kole ak le Recul Hôtel.
Pou agwonòm Rethone Jose II, foto yo fèl konprann ibanizasyon ka diminye pwodiksyon agrikòl nan yon zòn, menl pap janm detwil jan anpil kote vle fè kwè sa.
Agwonòm nan esplike yon kowabitasyon ant kanal irigasyon yo ak kay yo ki se de bagay anpil moun panse, kite ka enkonpatib, sa vle di, ki pata dwe mache ansanm.
“Mwen wè se yon band beton pou pase pou ka rantre nan kay yo, kit ou te apye, kit ou te sou veyikil”. Band beton sa paka pilaj ke 3 mèt, yon fason pou si yon bagay ta vle bouche kanal yo pou yo debouche yo.
Dlo a pase lib e libè. Sak pi rèd la, dapwè agwonòm Rethone Jose II, moun yo konn fè aktivite kiltirel sitou nan peryòd vakans, kote yo batize li, festikanal.
Nan mache fouye zo nan kalalou, yo esplike li kòman moun yo fè respekte kanal la, paske se yon pratik, yon bagay tout moun konnen, ni KAZEK, ni asosyasyon irigan, ni lòt itilizatè konnen yo dwe touche kanal la.
Pawòl sa yo dapwè sa agwonòm Rethone Jose II ap esplike, lakòz perimèt Obè, Polen/ Lakòn Lakon, Tifon ak Latandri monte nan tèt li, pou mande, pou kisa nou pa ka ou rekipere perimèt sa yo ki sanse pèdi yo? Si tout fwa nou ta vle anbrase konsèp SMART City, ville résiliente, ak agrikilti rezilyan an.
Pou agwonòm Rethone Jose II, dlo se yon resous kap vini pi ra sou planèt la, li dwe itilize ak entelijans men non, ak neglijans.






