3 moun mouri nan yon aksidan machin sikilasyon nan komin Tigwav.

1,072

05-23-2023


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 3 moun mouri sou plas epi plizyè lòt blese, se bilan pwovizwa yon aksidan sikilasyon ki fèt nan lokalite Kab Destre Tapyon ozanviowon 6 zè aprèmidi madi 23 me 2023 a.

Selon kèk temwen ki te sou plas, esplike ke aksidan an pwodwi, se lè yon trelè chanje siman ki pèdi fren e li pase pran yon lòt kamyon bwat ki limenm chaje ak diri; e tou 2 machin yo tap pran direksyon Gran Sid peyi a.

Li bon pou nou siyale w, 3 moun ki mouri yo, youn ladan yo se yon gason travayè youn nan 2 machin yo, epi 2 lòt yo se 2 fi ki tap soti priye nan yon pye sen ki rele “Sen Ròk”, trelè ta pase pran yo.

Comments are closed.