Bank mondyàl kadnase pòt li pou yon ti bout tan nan peyi Dayiti

1,085

10-19-2022

Se jounen jodia Bank mondyàl anonse ke yo fèmen biwo yo pou yon ti bout tan (30 jou) nan peyi Dayiti. Enstitisyon entènasyonal la pran yon parèy desizyon an fonksyon de kriz sekiritè ak imanitè ke gang yo provoke nan Tèminal Vare a ki mete peyia ajenou nan tout entegralite li.

Nan yon premye tan, enstitisyon entènasyonal la te evakye pèsonèl li pou kite peyi a. Daprè yon nòt ke enstitisyon an mete deyò, Alatèt Bank Mondyàl la, Laurent Msellati ap kontinye jwe wòl responsab operasyonèl Bank Mondyàl nan peyi Dayiti travay enstitisyon an nan kanpe lwen.

Nòt la rapouswiv pou li di ke ekip konsène a deja mete anplas tout sa ki genyen antèm òganizasyon sou enplemantasyon program nan.

Comments are closed.