Plizyè inosan malere mouri e blese anba kout zam group gang Ti Makak

1,325

Petyonvil, Ayiti_____(TRiboLAND) Moun Laboul kontinye ap pase tray anba kout zam gang sangwen Ti Makak nan Laboul. Group gang sangwen a pap pase yon semèn pou li pa vide moun atè nan Laboul, patikilyèman nan mache piblik la.

Selon kèk machann ki te leve kouri nan moman group kriminèl san sal te debake sou yon pickup. Bandi yo te tire dèyè do yon foul moun ki tap vake ak okipasyon yo. Se konsa, plizyè moun mouri san konte yon latriye blese. Selon yon group sitwayen, genyen pou pi piti 4 moun ki mouri anba bal bandi san konte yon latriye lòt ki blese.

Bandi yo ta sanble bwile kò yo; youn nan yo ta sanble te genyen akizasyon “antèn lapolis” sou tèt li daprè yon sous ki vle rete anonima.

Se pa yon fwa ou 2 fwa, bandi sangwen Ti Makak yo achte zòn Laboul la lajan kontan, sepandan lapolis pa pran dispozisyon djanm pou tann pèlen rat pou kriminèl yo ki menm menase pou fè resèt nan mache piblik la. Yon sou ke nou kapab fè konfyans, konfime ke kriminèl yo te menm anonse nan maten ke yo te genyen pou debake.

Comments are closed.