Pòdpè / Ensekirite : Yon jenn gason mouri anba bal sou pon Twa Rivyè a

1,427

09/22/2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TriboLAND) Moun Twa Rivyè leve jwenn yon jenn gason mouri pa bal lòt bò Pon Twa Rivyè a, aprè li resevwa plizyè pwojektil. Yon katouch nan jye, yon nan vant, yon nan men. Daprè moun nan zòn nan, zak sa fèt nan lannwit mèkredi 21 pou leve 22 septanm 2022.

Jenn gason kouche sou do ap benyen nan san-l, do toutouni, yon kòd mare-l tankou se yon moun yo te vin egzekite. Yon bous ak yon ti valiz bò kote-l. A anviwon yon mèt sou kote kadav la, genyen po katouch.

An atandan otorite jisdisyè yo prosede ak prose vèbal kò san vi a, pèsòn moun pa arive idantifye viktim nan.

Comments are closed.