Me ki sa TRiboLAND konnen sou sa ki gen pou wè ak Bato Miss Lilie ak El Shadai  nan Pòdpè

2,150
  • Ajan BLTS ame jous nan dan anvayi jodi dimanch 4 septanm 2022 a, bato Miss Lilie ak El Shadai yo ki te mouye nan pò maritim vil Pòdpè.
  • Polisye ki sou bato a ta sanble pat genyen oken jij depè avèk yo.
  • Temwen avèk repòtè TRiboLAND ki te anchalkalis konfime ke se depi 5:00 pm Gadkot tap fè legetè ak laviwonn dede bato Miss Lilie ak El Shadai.
  • Yon backup UDMO te rete an chatpent toupre kanal Ri Valyè nan vil Pòdpè, yon faso pou te bay bato yo kontwòl___moun te kapab remake yon remokè ki tap miltipliye mannèv nan rad Pòdpè a.
  • Anpil rezidan estime ke se yon operasyon chanpwèl kap fè andeyò lalwà, paske te genyen yon desizyon jistis ki te pran kont Leta ayisyen sou dosye trafik zam nan.
  • Anpil rezidan estime ke se yon manèv ki genyen yon pakèt men tranpe ladan’l yon faso pou fini ak vil provens yo nèt.
  • Yon ti ponyen rezidan te pozisyone yo nan Ri Dukè pou obsève mannèv yon inite espesyàl ki pa ta kantone nan komisaryà Pòdpè a, men pito ki detache kòm ajan operasyonèl pou ale ak bato yo.
  • Yon pati nan Ri Dikè te bloke; sepandan rezistans lan pat pran jarèt pou anpeche fòs espesyàl yo derape ak bato Miss Lilie a.
  • Enfo yo ta fè konnen ke ajan yo te plis dirije yo sou bato Miss Lilie a; yo te arive minote 2 maren ki te sou bato Miss Lilie a ki te gentan genyen poze sele sou li.
  • Olye ke pou gouvènman an chèche konnen pou ki yès munisyon yo te ye nan pròp antouraj, li profite ap fè inosan peye pou koupab.
  • Ki sa gouvènman sangwen an fè ak bato ki te pote kontenè pou legliz episcopal yo; eske li poze sele sou batiman say o ki te enplike nan transpòte latriye zam sa yo anndan peyi a.
  • Ki sa lajistis di sou bato kokayinn nan Pò Lafito a; eske yo te sezi li?
  • Trafik zam nan Nòdwès ta sanble genyen men otorite PHTK ki tranpe ra gagann; sepandan, gouvènman an prefere fèmen zye sou sa e ap itilize kobay pito.
  • Anpil bwi ak manifestasyon te deja piltipliye kont tout rime ki te deja fè konnen Leta ayisyen tap karese lide pou fèmen pò pòdpè a.
  • Gro manif sòlòkòtò te manniganse nan Pòdpè pou leve kont Leta ayisyen ki te soti pou puni yon depatman ki deja nan malsite.
  • Gouvènman PHTK a ta sanble mekontan paske munisyon zam yo pat dwe fè fyasko nan dwànn Nodwès la—yon sitiyasyon ki deranje biznis PHTK. Konsa, yo ap pase raj la sou Mèt batiman ak popilasyon an.
  • Avoka ki tap blede kòz 2 batiman ki te enplike nan zafè trafik zam yo deklare te genyen yon òdonans ki te soti an favè yo. Pou avoka yo, pou genyen sezi fòk genyen yon desizyon jistis ki ted we pran kont bato yo.

foto : Wilgens Devilas

Comments are closed.