Yon aksidan motosiklèt pwodwi nan mòn Moiz: 2 moun blese gravman.

1,111

17/ 08/2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon aksidan motosiklèt pwodwi yèswa nan mòn Moiz, 2 moun blese gravman . Yon ti bebe kite akonpanye chofè a, ap resevwa swen nan lopital kominotè Otrichyen. Epi chofè chofè a menm ki se: Makanson blese pi grav ke ti bebe a kap soufri sou kabann lopital.

Selon kèk temwen, Makanson ta pèdi ekilib nan mòn nan epi moto a al rantre andedan yon kay ak tout chofè ni pasaje. Tèt li antre nan yon miray tou kanpe, yon trajedi tris ki mete lavi li pi prè lanmò.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.