Fwazon / Spò : Premyè edisyon chanpyona ete 2022 a prèske rive nan bout li

904

08-18-2022

Pòdpè, Ayiti _____ (TRiboLAND) Sou òganizasyon Asosyasyon Jèn Vizyonè pou Devlopman Altènatif Fwazon (AJVDAF), premyè edisyon chanpyona vakans ete 2022 a prèske rive nan bout li. Yon chanpyona ki reyini 8 ekip nan 8è seksyon komin Pòdpè ki mete an valè zòn nan. 4 ekip te elimine nan premye tou e 4 lòt ekip al jwe demi final, kise : Fwazon, Lazis, Paskatabwa ak Kalik.

Nan yon match trè di, ekip Fwazon an genyen ekip Lazis la yon gòl a zewo, ap ret tann ant Paskatabwa ou FC Kalik nan lòt demi final la kap gen pou jwe mèkredi 21 dawout 2022. Ak anpil kontantman, fanatik ekip Fwazon an ke Ylrick Augustave ap dirije, selebre viktwa yo fè nan demi final la ak e swete wè ekip yo ranpòte premyè edisyon konpetisyon sila a.

Gran final la prevwa pou mèkredi 24 dawou 2022. Jèn Vizyonè pou Devlopman Altènatif Fwazon deklare ke yo ap kontinye òganize aktivite pou mete an valè seksyon kominal la, ki gen nan li 5 gran lokalite.

Comments are closed.