Nòdwès / enfrastrikti: konstriksyon pon yo sanble pap posib sou wout Senlwidinò, Ansafolè a.

100
0
Share:
TRiboLAND

08-082022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Lansman pou konstriksyon pon sou plizyè rivyè, fet depi plizyè lane, sa pa genyen lontan materyèl kòmanse depoze, 136 moun dedomaje, yon komite sipèvisyon ap touche kòb ameriken chak mwa; jous jounen jodi a yon poto ponkò janm plante sou youn nan rivyè yo pretandi yap konstwi pon yo.

Popilasyon an kòmanse depasyante; yo pran desizyon koupe wout ki kondwi sou pon Rivyèdèba a, paske zòn sa sèvi danje pou veyikil ak moun kap frekante li.

Yon lòtbò yo fè konnen, yo pa wè ki sa konpani “Adriyen” ap regle nan komin Senlwidinò. Tout nèg vin kouri machin, chèche ti gengenn pa pakèt alòske travay popilasyon ap pase nan rizib. Daprè dènye konsta ki fèt nan popilasyon an, chakfwa genyen yon leve kanpe ki fèt, yon “mache prese tankou” fèt bò kote konpani kap konstwi yo.

Konsa, fas ak yon parèy sityasyon, popilasyon an deside mete presyon san rete, pou fòse Leta, ONG, MTPTC, ak tout lòt enstans ki konsène nan wout la pran responsabilite yo. Wout se chinen devloman vlepavle fòk popilasyon an jwenn wout la!

Pierrilien Nicol Colly

Share:

Leave a reply