Bandi ame krible anba bal yon jèn Pastè ayisyen nan moman li te nan wout pou al travay Santiago

1,582

Santiago, RD____(TRiboLAND) Bandi ame sou moto ke yo pa arive idantifye touye yon jèn ayisyen 25 lane, Therasmond Alichenaud, yon Pastè. Li te nan wout pou al travay, sou autowout Joaquin Balaguer, nan zòn Estancia del Yaque. Eskanmòtè panyòl yo vòlè moto viktim nan, yo pran telef`on li e yo pran egalman lajan ak tout dokiman ki te sou li.

Daprè kèk temwen jouda, 2 bandi rive sou moto ak zam nan men yo e yo antre sou etranje a e yo krible l anba katouch san oken fòm prosè. Kò sanvi Alichenaud te atè nan lari a pandan moun te kapab obsève yon trou bal ke li te resevwa nan kou.

Se konsa, yon manm fanmiy Alichenaud ki te pete kouri vini sou sènn krim nan, konfime ke li te apèn ap pale ak defen an sou telefòn avan krim nan.

Comments are closed.