Ayiti soti pou l ta rate yon lòt fwa ankò opòtinite ke nouvèl òd mondyal la ap pote.

1,908

Peyi nou Ayiti twouve l yon lòt fwa ankò nan yon kafou istorik enpòtan kote gen yon gwoup Ayisyen vle sèvi dra pou sistèm nan kouche pandan yon lòt kategori vle aplike sa zansèt yo te kite pou nou kòm eritaj ak prensip pou n viv tankou moun.

Lè n tounen nan peryòd kolonyal la listwa revele nou jeneral Toussaint tap batay pou abolisyon esklavaj pandan l te toujou ap danse kole ak kolon yo e nou tout konnen swit istwa sa li ta pwal fini rès tan l nan fredi fò de jou sa montre nou aklè loksidan pa konn gen zanmi.

Dessalines ki te pwal vin pran relèv la te konprann strateji kolon yo  te itilize lòt taktik pou te kondwi nou nan endepandans lan se domaj yon kolon blan ki te makiye ak kostim afranchi te koupe rèv jistis sosyal pou tout pitit tè Lafrik  ki te sòti nan kontinan Afriken an ak chèn nan pye ak nan men yo.

Touswit aprè asasina trayizon anperè an peyi an te vin koupe an 2 pati youn tap dirije pa eritye kolon yo e lòt la pa Christophe yon vizyonè ki te pouswiv rèv anperè an kote li te inisye anpil gwo refòm  anba administrasyon li an tankou edikasyon,agrikilti elatriye…

Jodi an sistèm nan annagoni li prèske trepase loksidan jis ap jwe dènye zèl kat li nan tante konvenk sèten Ayisyen ki vle pratike menm strateji ak ansyen jeneral Toussaint pou sove yon sistèm ki sou wout pou l trepase epi kenbe Ayisyen nan mizè ak kè kontan erezman jodi an gen moun kap trase lòt chimen pou peyi an ki pa asepte obeyi anba volonte ènmi pèp la.

Tout lidè konsekan  ak elit entèlèktyèl yo ki pa inivèsite diplome yo dwe chita prese prese pou jwenn yon solisyon ant Ayisyen pou louvri wout pou peyi an kowopere ak tout peyi nan mond lan sitou peyi frè nou yo ki vle kolabore san ipokrizi… Moman an rive pou nou limite enfliyans loksidan, pye sou kou sa pote twòp mizè, ensekirite, sou devlopman elatriye depi digdantan.

Sila yo ki  deside obeyi jodi a pou al sèvi bouwo yo pou Ayiti rate yon lòt fwa ankò opòtinite ke nouvèl òd mondyal la ap pote.

Nou pa vle kontinye mache tèt bese devan okenn lòt nasyon men nou prè pou kowopere ak tout lòt pèp ki respekte diyite ak prensip repiblikèn yo se sou fondman sa yo menm Ayiti chita!

Viv yon Ayiti lib pwospè ak endepandan!

Réginald Pierre 

Sitwayen angaje

Senlwi Dinò, 23 jen 2022

Comments are closed.