11 moun mouri pou pi piti aprè ke yon batiman ki chaje ak migran ayisyen chavire nan zòn Pòto Riko

3,542

05-12-2022

Pòto Riko_____(TRiboLAND) Yon batiman ki tap transpòte migran ayisyen chavire jodi jedi 12 me 2022 a nan yon ti zile ki pa abitab nan zòn literal wès Pòto Riko, daprè otorite lokal yo pou pi piti genyen 11 moun ki mouri e 31 lòt arive sekouri.

Daprè yon avyon Sèvis Ladwànn ak suveyans fontalyè peyi Etazini ki te wè batiman an nan moman li tap chavire. Yo te remake vè midi nan moman li tap chavire a, apeprè 20 moun ki tap fè bwàs a 11 kilomèt de yon ti zile ki rele Desecheo tou prè pasaj Mona, yon zòn dlo sale ki trè danjere ant Pòto Riko ak Ayiti. Konsa, enfo yo fè konnen ke pasajè yo pat genyen oken jilè softaj sou yo.

Ladwann ak Gadkòt eseye devlope bonjan kolaborasyon ak plizyè inite maritime Sèvis Lapolis Pòto Riko alòske tout jedi swa, rechèch pou boske sa yo ki ta petèt suviv tap miltipliye. “Prezans nou la a, se jis nan kad pou pote plis moun sekou”, daprè deklarasyon rapòtè Gadkòt Kòt ameriken, Ricardo Castrodad.

Antouka, kantite moun ki te sou bato a avan li te chavire a, ta sanble pa klè; sepandan, te genye apeprè 11 fanm ak 30 gason pami sa yo ke yo te arive chape, daprè sa moun te kapab li sou kont Twitter Gadkòt Miami. Genyen yon valè senk fanm pami 11 sa yo ki mouri.

Otorite lokal yo te transfere 8 ayisyen nan lopital vil Aquadilla ki lokalize nan nòdwès Pòto Riko e kò sila yo ki mouri te oblije ekspedye nan enstitu syans jidisyè peyi a.

Comments are closed.