Komin Kafou: yon ti avyon kraze e okazyone lanmò 6 moun

2,023

04-20-2022

 Kafou_____(TRiboLAND) Yon ti avyon ki tap paweze nan syèl ble komin Kafou tonbe vè 4è sou wout ray Kafou aprèmi mèkredi 20 avril 2022 a.

Selon temwen ak renmen wè, avyon te andetrès li tap fè anpil lakilbit jiskaske li arive al fwape ak yon kamyon ki tap transpòte kola, zòn Christophe Channel nan komin Kafou. Pou yon bilan pasyèl, krash lakoz 6 moun arive mouri, daprè otorite Kafou yo ki fè konnen avyon an tap pran direksyon Jakmèl.

Alòske moun te fè deran; anbilans ak lapolis te sou plas pou miltipliye mannèv “pote sekou” yo ak sekirize perimèt dràm nan. Pami viktim yo ou jwenn : Amando Gutierrez (pilot dominiken), yon chofè taksi, Gamaniel Valcin, Patrice Laroche, ak Mimine Merilien (Kanada).

Konsa, PM PHTK a, Ariel Henry pat pran tan pou tweete e prezante senpati li bay fanmiy viktim yo e dilijante egalman yon ankèt dekilakyèl prese prese.

Comments are closed.