Operazyon pwòpte sou bò lanmè vil Kap Ayisyen an

Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Otorite yo nan Minisipal Okap Ayisyen an ak konplisite Ministè Travay Piblik deklentche yon operasyon chase fatra ak netwòyàj sou litoral vil la ki dezagreyàb. Mouvman an demare depi Kafou Aviyasyon pou kandale desann jous Ri 5.
Nan objektif pou pwomote yon anviwonnman ki djòl loulou e santibon, Yvrose Pierre ki se Prezidan Komisyon Minisipal Okap la pwofite lanse yon penga baton gayàk bay tout biznis netwàyàj ou asenisman ki afiche yon konpòtman anachik e sangwen nan pran plezi dechaje fratra sou litoral vil la; se ra seta, Meri a pap tolere yon parèy deriv fèt ni bò lanmè a ak plizyè lòt kote nan komin nan sou oken fòm, dapwè majistra a ki tap depoze.

Madam Pierre rapouswiv pou l raple anafè awousa yo ke ajan sekirite minisipal la ak tout lapolis pràl kontinye mete an egzekisyon Arete 2 desanm 2021 an yon fason pou rapouswiv tout sangwen ki kontinye ap efondre vil la ak fatra tout kote yo pase.






