Responsab pwogram kantin eskolè yo nan depatman Nòdwès la òganize yon seyans fòmasyon sou ijyèn nan komin Jan Rabèl.

119
0
Share:
TRiboLAND

03/02/2022

Jan Rabèl____(TRiboLAND) Nan sousi pou fòme elèv lekòl yo sou enpòtans lijyèn genyen nan lekòl yo, responsab pwogram kantin eskolè yo nan depatman nòdwès la òganize yon gwo seyans fòmasyon sou lijyèn pou tout ajan suivi kantin eskolè yo nan komin Jan Rabèl.

Konsa plizyè ajan swivi te sòti nan divès ra kwen Nòdwès pou te vin reponn prezan nan seyans fòmasyon sila yon mannyè pou yo al transmèt fòmasyon an bay elèv yo.

Nan okazyon an, fòmatè prensipal la msye Félix Durchène yonn nan ansyen manm nan pwogram nan, nan tèt kole ak direktè depatmantal la Louis John Peterson ak kòdonatè rejyonal la Elisca Alexis, òganize dewoulman seyans fòmasyon sila sou tèm: “ijyèn kòporèl, ijyèn alimantè ak ijyèn anviwònmantal, poun site sa yo sèlman.

Nap soulinye, fòmasyon sa a kite reyini plis pase yon dizèn ajan swivi pat manke felisite e bat gwo bwavo lakontantman pou responsab yo e pwofite salye kouraj ak detèminasyon kòdonatris jeneral pwogram kantin eskolè a, Madame Djina G. Délatour ki depi lansman pwogram sila ap goumen tout bon vre pou chak ti moun jwenn yon pla cho.

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply