PM Ariel Henry kite peyi a; Michel Patrick Boisvert ap jwe wòl PM pou yon ti pousyè moman.

222
0
Share:
TRiboLAND

02/28/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Se jodi lendi 28 fevriye 2022 a, PM Ariel Henry kite peyi Dayiti nan tèt yon delegasyon an direksyon peyi Beliz nan kàd 33èm rankont entèsektoryèl chèf gouvènman KARIKOM yo, dapwè yon nòt primati mete deyò ki fè konprann ke minis finans lan, Michel Patrick Boisvert ap asure gouvènans peyi a pou yon ti pousyè moman pandan absans PM.

Deplasman PM Henry a pràl mete aksan sou gwo koudjay chita tande kap fèt 1 ak 2 mas 2022 a sou lobedyans KARIKOM nan San Pedro nan peyi Beliz. Konsa, pawoli yo pràl chita egalman sou dosye Ayiti ki bay anpil lawouli. Anplis sa, PM nan ap pwofite patisipe nan 4èm Somè dirijan KARIKOM yo ak sistèm entegrasyon Santroameriken.

Share:

Leave a reply