PNH mete men nan kasav 2 Ajan e sezi 5 fuzi dezagreman

248
0
Share:
TRiboLAND

09/29/2021

Pòtopewns______(TRiboLAND) Polis Nasyonal la mete men sou 2 pwezume koupab nan trafik zam ilegal: Kesnel Joseph yon ajan BSAP e Jude Juan yon ajan USGPL.

Dapwè Marie Michelle Verrier ki se Enspektris Divizyonè PNH la, pwezume koupab sa yo jwenn arestasyon yo nan kad yon ankèt DCPJ. Fòs lòd yo arive sezi 5 fuzi dezagreman AR-15 lakay Jude Juan nan Delma 40B.

Enspektris la rapouswiv, ke genyen yon lòt poulen tou ki genyen 2 idantite (Kesnel Jean Baptiste ou Robenson Celestin) y’ap chèche tankou chyen fou e ki ta posede fuzi sa yo ki koute 4500 dola ameriken, dapwè pòtpawòl PNH la, Marie Michelle Verrier.

Share:

Leave a reply