Plizyè militan proteste rekondiksyon konsèy municipal Dedunn nan

301

Plizyè militan politik nan komenn Dedunn, depatman Latibonit proteste kont rekondiksyon konsèy municipal la ki te deja fini manda l..

Dènye arete prezidansyèl Jovenel Moise la pou anpil nan militan sa yo se yon kalòt marasa pou popilasyon an lòske pouvwa anplas la asèpte retounen nan figi moun ex majistra Ernst Saint Phard kòm ajan enterimè egzekitif la. Yon marijistra ki afiche yon pefòmans katastrofik nan tout nivo, dapwè protestatè yo.

Konsa, bonèt militan sa yo te vire dèyè tèt yo menm jan ak plizyè lòt komenn kap proteste kon dènyè desizyon gouvènman an ki rekondwi yon pakèt moun ki koze anpil domaj pou komenn yo. Konsekans lan, plizyè riyèl nan komenn Dedunn te chaje ak kawoutchou anflame, lapli ròch tap soti nan diferan direksyon e kreye yon van panik divès kote.

Militan yo anonse kontinyite yon parèy protestasyon tout tan prezidan Jovenel pa retounen sou desizyon l pou plase yon moun serye e kapab kòm responsab munisipalite a.

Comments are closed.