Arestasyon animatè popilè “Maten Deba”, Louko Désir

0 533

Pòtpwens___(TRiboLAND) Paske li deklare sou radyo ke pa genyen oken ka kowonaviris nan peyi Dayiti, animatè radyo trè popilè Luckner Désir alyas “Louko” retrouve li nan men ajan lapolis Nasyonal Dayiti yo jodi 3 Avwil 2020 an.

Arestasyon “Louko” a fèt nan moman polisye Ti pòs Mache Salomon te bwitalize Janjan Roosvelt, ki apwè ta pwal libere anba pwesyon yon foul moun ki te vle aktiyalize move tretman sitwayen an ki se yon atis chantè byen koni nan kapita la.

Animatè emisyon “Maten Deba” avèk Radyo Éclair a, pou koulya nan gadavu nan Komisarya polis Petyonvil la. Motif arestasyon an ta sanble li genyen pou wè avèk deklarasyon li te fè sou radyo, lòske li te deklare ke pa genyen oken ka kowonaviris nan peyi a.

Anpil moun sispèk divès gouvènman atravè lemon ap pwofite fè regleman dekont anba lonbwaj dram kowonaviris pou yo elimine moun kap denonse enkonpetans ak kòripsyon gouvènman yo e sitou moun ki pa wè menm jan ak yo.

Leave A Reply