Vodouyizan Angaje: Nòt responsab pou la près

Pòtoprens, Ayiti mèkredi 30 oktòb 2019
Nou koube n byen ba pou nou salye la près pale, ekri, televize ak an liy nan non 21 nanchon yo.
Nou menm Vodouyizan ki soti nan plizyè sosyete ak òganizasyon vodou, apre anpil chita pale youn ak lòt, nou deside fèmen pòt peristil nou yo jou k’ap vandredi 1ye ak samdi 2 Novanm 2019 la. Pou nou denonse e kondane sa k’ap pase nan peyi a. Nou mande tout lakou, tout bitasyon, tout demanbre tout òganizasyon vodou, tout Sosyete fè menm jan ak nou ; paske nan kondisyon rejim phtk a mete peyi a nou paka nan fete Gede. Lè nou rekonèt lasalin se youn nan pigwo santral bouyon gede, poutan 13 novanm pral fè yon lane depi Hougan, Manbo, Sèvitè, leve Jwenn, Dòmi Reve elatriye ap dòmi deyò aprè masak rejim PHTK a te fin fè jou ki te 13 novanm 2018 la.
Li klè nou pa ka pral fete gede pandan nanchon anba bal kriminèl. Sitiyasyon katastwofik sa revòlte nou menm vodouyizan e nou mande Jovenel Moise bay talon li vit e prese. Sitou avan mwa novanm nan fini pou gede yo ka manje. Si se pa sa nou wè malè pou li. N’ap pwofite mande majistra Youri Chevry pou li pa louvri pòt simityè pòtoprens nan lide pou pwoteje tout sitwayen ki pa konprann anyen nan batay politik la e ki pa wè kokenn chenn malè pandye ki sou tèt yo ak kriminel pouvwa a k’ap mache tire toupatou sou pèp la. N’ap mande tout Hougan, Manbo, Sèvitè pou rejwenn pèp la nan pwen sa yo jou k’ap premye ak de novanm lan pou n’al pote chalè piman gede yo nan degwenn enkilpe a: Ansyen simityè Peyton vil ak Manbo Lamèsi, Baz 47 ak Manbo Michelle Obas, yon gwoup nan fò nasyonal ap genyen nan tèt li ougan vin pou wè, tande byen tout gwoup sa yo pral rankontre kafou ayopò batize kafou rezistans. Jojo pa gen le chwa se bat zèl ou oubyen nou desounen w dèyè lakwa.
Moun ki siyen
Demanbre : Hougan Ganier Sejour
Aloviye : Carole Demesmin
Kan Alovi Dangballayidan ( KAD)
Hougan Darati Makandal Konfederasyon Vodou Nasyonal Entènasyonal Revolisyone ( KVNER)
Oxygène David
Vodou Pataje Fanmi Zansèt : Victore Antoine Hougan Djawoulo
Vodou Ak Sa ki Vle: Rodolphe Pierre Junior
Nèg Mawon Òganizasyon Vodou Batado de lestè Ougan: Pierre Saint Sylverson
Sosyete Zila : Prensès Mado
Sosyete Zoko Mazaka Jou Stenley fòk se sa bon Hougan
Sosyele Kay Brav Gede Nibo Manbo : Lamercie Charles
Sosyete Debalizay Pa Pè chay Oxygène Casner Malè Pandye
Sosyete Reziyen Hougan gason Lanfè







I definitely wanted to send a small comment so as to say thanks to you for all of the lovely pointers you are sharing at this website. My time intensive internet lookup has finally been paid with brilliant content to write about with my family members. I would state that that most of us website visitors actually are undeniably lucky to live in a perfect site with many brilliant people with great pointers. I feel extremely lucky to have come across your weblog and look forward to tons of more entertaining moments reading here. Thank you once again for everything.