Pòdpè fete fèt Saint Jean Baptiste de la Salle an gran panpan

0 303

PORT-DE-PAIX__(Triboland) 15 Me 2019 sa-a, se Selebwasyon Fèt Saint Jean Baptiste De Lasale, Patwon tout Edikatè Kretyen. Na okazyon-an, yon mès an gran panpan te rive chante anndan Katedral Pòdepè-a jounen sa-a anprezans elèv, pwofesè, paran, ak pwèt selebran an, Rev. Pè Roldophe Balthazar. Nan omeli sikonstans lan, pwèt-la te mande elèv ak pwofesè yo swiv tras SEN PATWON yo, yon Edikatè ki tap fòme Pèp Bondye-a nan tout entegralite-l e sesi nan tout kalite domènn.

Ansyen Frè Siperyè Lekól  Kretyèn yo, ki se aktwèl  Direktè Lekòl  Teknik Pwofesyonèl nan vil Pòdpè answit Direktè Kolèj  Nòtre Dàm Fatima. Rev Frè Wallins Paul nan diskou sikonstans-lan, li te fè yon bon rale sou lavi Sen Patwon-an ki te yon edikatè trè devwe nan sèvi frè-l ak sè-l yo sitou nan zafè Edikasyon. Frè-a ki te kontinye ap valorize enpòtans edikasyon, fè konnen mòd edikasyon timoun Ayisyen yo ap resevwa jounen jodi-a, bay dlo nan je, e li alète gwo potanta aktè yo ki  enplike nan sistèm nan, tankou Minis Edikasyon Nasyonal-la, pou-l pran responsablite yo nan evite grèv repete anndan sal klas yo; kidonk, se elèv yo apwè ki pwal peye po kase-a.


Selebwasyon Fèt Saint Jean Baptiste de la Salle nan Pòdpe, 15 Me 2019

Li enpòtan pou n raple, Kongregasyon Frè Lekól Enstriksyon Kretyènn yo ki gen kòm Patwon Saint Jean Baptiste De La Salle, baze l nan peyi Dayiti tankou nan peyi etranje. Travay li se fòme moun nan domènn Edikasyon pou yo kapab vinn moun tout bon vre demen.

Wiskis Saint Jean,  TRIBOLAND

Leave A Reply