Kay gwo chèf gang sangwen Wilson Joseph alias Lanmò 100 Jou, 400 Mawozo “plip plip” kraze rapyetè nan komin Kwadèboukè.

148
0
Share:
TRiboLAND

11 – 08 – 2026

Kwadèboukè, Ayiti ____ (TRiboLAND ) Kay gwo chèf gang sangwen Wilson Joseph alias Lanmò 100 Jou ou “Plip Plip”, gwoup gang 400 Mawozo, kraze rapyetè nan komin Kwadèboukè nan lannwit samdi 07 pou louvri maten dimanch 08 novanm 2026 lan, nan kad yon operasyon fòs lòd ayisyèn yo efektye ak konplisite nan tèt kole ak sòlda salvadoryen ak konbatan FRG yo.

Operasyon devanjou a, selon yon sous anonim, li te karakterize avèk atak dwon pawezaj ou dwon legetè ak pye sòl ki te angaje sòlda etranje avèk fòs lòd ayisyèn yo, ozanviwon 3 zè am konsa.

Antouka enfòmasyon ki disponib yo ta vle fè kwè ke operasyon demolisyon rezidans kaif 400 Mawozo a, ta pral inisye kèk tan avan ke Nayib Bukele (Sovèlele) tap chèche ankete sou adrès palè chèf gang lan.

Li enpòtan pou konprann, anpil detay ou done sou yon parèy operasyon devanjou pa arive pibliye pou byennèt piblik la.

Share:

Leave a reply