4 moun blese nan yon aksidan motosiklèt sou wout Nasyonal nimewo 2 a nan Tigwav.

09 – 22 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) 4 moun blese gravman grav nan yon aksidan sikilasyon jodi madi 22 septanm 2026 lan, nan Tigwav.
Aksidan sila pwodwi sou wout Nasyonal nimewo 2 a, nan yon zòn ki rele Gaston; se nan moman 2 motosiklèt arive fè kolizyon daprè kèk temwen ki te sou plas; yo fè konnen se moto ki te sou linn monte a ke yo estime ki antò akoz li pat bay sinyal pou montre li tap vire soubò dwat la.
Kèk nan temwen sa yo ki t’ap reyaji nan mikwo TRiboLAND media, pa mete dlo nan bouch yo, pou denonse konpòtman yon seri chofè kap fè taksi. Yo pote moun sevre, sepandan yo poko kapab metrize ekilib motosiklèt la. Temwen yo konfime ke se latranblad danse ki pran yo chak fwa yo rive nan yon kafou. Yo mande lapolis pou mete yon kontwòl nan fason moun ap woule motosiklèt nan vil Tigwav.
Pou kounye a, blese yo te transpòte annijans nan lopital jeneral nòtredam Tigwav ap resevwa swen ka yo nesesite. Nap sinyale, genyen ladan yo ki genyen pye kase, tèt kase, senti bloke epi genyen ki enkonsyan tou.






