Sekretè jeneral FESTRED la denonse zak sabotay chofè gwo kamyon Trailer yo ap fè sou materyèl EDH yo nan vil Tigwav.

48
0
Share:
TRiboLAND

09 – 16 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Sekretè jeneral Federation des syndicats des travailleurs de l’éctricité D’Haiti (FESTRED), Carenand Joseph nan yon interview li bay laprès madi 15 septanm 2026 lan, pa mete dlo nan bouch li pou denonse konpòtman chofè gwo kamyon Trailer yo, li di ka sabote materyèl EDH yo nan vil Tigwav.

Sekretè jeneral FESTRED la, mesye Carenand deklare malgre li di yo fè reparasyon nan premye seri materyèl chofè yo te deja sabote, sa pa anpeche yo kontinye kase poto, kase fil elektrik wot tansyon, kraze transfòmatè ak kontè elatriye…

Yon lòt kote, dirijan FESTRED la, Carenand Joseph mande majistra enterime meri Tigwav la, komisè lapolis la Herard Joseph, ajan enterimè Fedner Hilaire Admirable ak komisè gouvènman ai pakè jiridiksyon Tigwav la mèt Danilo pou mete tèt ansanm yon fason pou ede yo mete yon fren nan chofè kamyon k’ap fin kraze materyèl EDH yo nan vil la. Sitiyasyon sa a, kapab kreye gwo enpak negativ sou materyèl yo ki nan santral Tèmik EDH branch komèsyal Tigwav la.

Share:

Leave a reply