Yon nouvo katèl minisipal enstale nan tet Mèri Okay la.

07/22/2026
Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon seremoni pwete sèman ki te arrive fèt anndan tribinal Lapè Okay la, maten lendi 20 jiyè 2026 la, yon nouvo katèl minisipal enstale pou pran ba direksyon Meri Okay la.
Katèl sila ki okazyone machwè gonfle ak machwè griyen dan, pral genyen pou misyon pou remanbwe komin fonksyone klopi klopan, selon mekontman sitwayen yo. Anpil moun espere, se reyèlman yon gwo okazyon pou ki choy arive delivre; konsa sitwayen yo ap kapab arrive respire yon ti van espwa ak sekirite.
Kontrèman ak moun ki pran sant tikal espwa ak katèl sila, kèk sitwayen rete kwè ke se gwo mouvman FM kap fèt; mesye dam ki reprezante katèl, se senpleman yon seri moun ke yo inikman kondwi pou fè eleksyon. Konsa, Timari pap monte e Timari pap desann!
Nap raple, Jean Jonel Banatte sen majistra pwensipal, alòske Emilienne ak Valynse, pase pou manm.






