241 etidyant e etidyan diplome nan divès disciplin pwofesyonnèl nan AEPG nan komin Tigwav.

07 – 14 – 2026
Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Responsab yo nan Atelye Pwofesyonnèl nan komin Tigwav, (AEPG) òganize seremoni 12èm pwomosyon gradyasyon, batize (SMARTEST) pou 241 etidyant ak etidyan jodi madi 14 jiyè 2026 lan ozanviwon 10 zè am. Evenman t’ap layite kò’l nan Louco Night Club nan Tigwav e li te reyini plizyè kouch mou patikilyèman nan leta a, tankou direktè INFP a, mesye Franck Lauture, kèk reprezantan òganizasyon debaz, fanmi ak zanmi gradye yo.
Akonplisman aprantisaj yo te plis chita sou : Kontabilite, Enfòmatik biwotik, Plonbri, Elektrisite, Konstwiksyon Batiman, TECH Windows ak Karelaj, kote ke patisipan yo resevwa yon diplòm ki pral pèmèt yo franchi mache travay la.
Direktè INFP la, mesye Franck Lauture ki te prezan e ki te pran lapawòl nan kad gwo seremoni gradyasyon sila, deklare nan diskou sikonstans lan, deklare bay gradye yo ke gradyasyon pa sifi pou reyisi nan lavi pwofesyonnèl; men se fason ou dwe egzèse pwofesyon an sou mache travay la nan respè, disiplin ak konsyans pwofesyonèl.





