Gwo van tanpèt souke Pòdpe nan mitan lannwit : plizyè kay sibi gwo domaj

147
0
Share:
TRiboLAND

06/25/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan nwit 24 pou leve 25 jen 2026 la, anviwon minwi ak kèk minit, yon gwo van tanpèt ak frape vil Pòdpe, sa ki lakòz gwo panik nan mitan popilasyon an. Daprè premye enfòmasyon yo, plizyè katye ak lokalite nan vil la sibi gwo rafal van siwa ki lakòz anpil dega materyèl anrejistre.

Pami zòn ki pi afekte yo genyen : Sab Chalè ak Lakoup, kote plizyè kay tòl andomaje gravman grav. Temwen ak zenyè, ta rakonte tèt kay ak fèy tòl te vole soti nan kèk kay pou al tonbe sou lòt kay nan vwazinaj la, pandan anpil moun deklare van arive rache pano solè ak lòt materyèl ki te soude sou do kay yo.

Jiska prezan, redaksyon TRiboLAND poko resevwa okenn enfòmasyon ofisyèl sou pèt an vi moun oswa sou kantite egzak domaj tanpèt sanzatann lan komèt. Otorite lokal ou pwoteksyon sivil yo poko fè okenn deklarasyon sou sitiyasyon an. TRiboLAND ap kontinye swiv dosye a pou pote tout dènye enfòmasyon yo bay popilasyon an, antan ke zye ak zòrèy popilasyon an.

Share:

Leave a reply