2 gwoudougwoudou marase sou yon magnitid 7,2 e 7,5 fwape djak sou djak peyi Venezwela

06/25/2026
Karakas, Venezwela_____(TRiboLAND) Pou pi piti genyen 164 moun ki mouri e pwèske 1000 moun arive blese nan 2 aktivite late tranble ki fwape peyi Venezwela yè swa mèkredi 24 jen 2026, daprè yon nouvo bilan pwovizwà, selon pwezidan pou ti bout tan an, Delcy Rodriguez.
Selon rapò ki rive nan sal nouvèl TRiboLAND.com, nan lanwit pou rive maten an, popilasyon venezwelyèn nan te anba gwo panik leve kouri ak tranble janm, patikilyèman nan zòn Nò ak Nòdwès peyi amerik latinn nan. Plizyè douzèn replik pat sispann fè chantay. Nan yon pwemye tan, bilan yo te estime te genyen 32 mò ak 700 blese san konte yon latriye moun ki te antòtye anba dekonm.
Peyi Venezwela sekwe anba 2 seyism magnitid 7,2 ak 7,5, selon Sèvis Jewolojik peyi Etazini (USGS) ki declare ke dega yo kapab bay anpil men nan machwè fas ak yon parèy katastwòf manman penba. De gwo fwap latè tranble yo arive pwovoke anpil mouvman atèplat sou yon seri gwo batiman nan kapital la Karakas ki twouve li a yon distans 200 kilomèt episant gwoudou gwoudou a. Selon otorite yo, bilan yo espere bay plis tèt fè mal.
Nan moman trajik sila, kominikasyon ak moun nan plizyè rejyon nan peyi Venevwela konplètman enposib; anpil nan zòn afekte yo ap sibi gwo pwoblèm koneksyon entènèt akoz efondreman plizyè rezo nan diferan lokalite.
Plizyè peyi tankou Lachinn, Lafwans ak Etazini deja ofwi sipò yo. Donald Trump pase lòd pou deplwoye imedyatman sekouris ki pou al fè pye sòl nan boske moun ki an mal makak anba dekonm, selon sa ki soti bò kote Sekretè Deta, Marco Rubio.






