BAL nan tèt kole ak DEKANA fè pwizon sivil Jeremi an don plizyè matla

118
0
Share:
TRiboLAND

06 – 03 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Pou amilyore kondisyon lavi prizonye yo nan prizon sivil Jeremi an, Biwo Asistans Legal ( BAL) ak konplisite Dekana ke Dwayen Jean Michelet Seide ap dirije nan Jeremi, distribiye plizyè matla bay responsab prizon sivil Jeremi an, enspektè Milien Obès.

Jès imanitè sila ki temwanye senpati anpil antite genyen pou sa yo kap pran lanm dèyè bawo, fèt selon responsab Biwo Asistans lan nan Jeremi nan objektif pou anpeche prizonye yo kontinye ap domï pa relèv.

Daprè responsab dwa moun yo nan Jeremi, li enpòtan pou jij kap enstri dosye moun ki nan pwizon yo fè prèv pwofesyonalis; yo dwe aji ak konsyans e pran lalwa kòm bousòl yo jis pou konbat detansyon prevantiv pwolonje ke anpil moun konsidere kòm yon vyolasyon grav dwa moun ; pou obsèvatè yo nan Jeremi-Grandans, vyolasyon dwa sak pi fèb yo fèt chak jou ki jou anba grenn je otorite sankoutcha.

Share:

Leave a reply