Jakmèl : Anpil manman pran plezi yo bò lanmè nan Lakou Nouyòk pou selebre Fèt Manman yo

71
0
Share:
TRiboLAND

05/31/2026

Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Jodi dimanch 31 me 2026 la, nan kad selebrasyon Fèt Manman yo, yon gwo foul manman rasanble nan zòn Lakou Nouyòk, bò lanmè a, nan vil Jakmèl, pou pase yon apremidi detant ak lwazi nan yon anviwònman agreyab. Aktivite sila pèmèt plizyè fanm ak manman soti pran lè fre, admire bote lanmè a epi pataje bon moman ak fanmi epi zanmi yo.

Depi nan kòmansman apremidi a, espas la te anime ak prezans anpil vizitè ki te vin pwofite bèl anbyans ki t ap gaye sou rivaj la. Timoun, jèn ak granmoun melanje nan yon atmosfè kè kontan kote ri, mizik ak divès aktivite rekreyatif kontribye pou fè jounen an espesyal. Plizyè manman pa t kache satisfaksyon yo devan opòtinite sa a ki te pèmèt yo detann yo epi selebre fèt yo nan lapè.

Inisyativ sa yo montre enpòtans pou kreye espas rekreyatif ak aktivite sosyal ki valorize manman yo, ki se poto mitan fanmi ak sosyete a. Pou anpil moun ki te prezan nan Lakou Nouyòk, jounen sa a ap rete yon bèl souvni ki make selebrasyon Fèt Manman 2026 la nan vil Jakmèl.

Share:

Leave a reply