Avèk yon akèy wàyal ke moun pa janm wè, Okap resevwa Ariana Lafond, ganyant Konpetisyon House of Challenge lan

196
0
Share:
TRiboLAND

04/19/2026

Okap Ayisyen, Ayiti______(TRiboLAND) Moun Okap Ayisyen resevwa Ariana Lafond, ganyant Konpetisyon House of Challenge, Edisyon 2026 lan nan peyi Togo, tankou yon rènn nan sware Samdi 18 Avril 2026 la.

Avèk konplisite otorite lokal yo, yon foul moun enpresyonant sweke dezyèm vil peyi Dayiti pou te akiyi enfliyansèz Tik-Tok la ki te akonpanye Bovann ak Jojo, figi reprezantatif “House of Challenge” lan, ki antre pou premye fwa nan peyi Dayiti.

Nan diskou sikonstans la, Ariana ki genyen sèlman, 19 lane te remesye pèp ayisyen an pou tout kalite sipò ou asistans ke yo te ba li nan moman konpetisyon an. Li pat sispann mande lapè ak libète pou Ayiti, yon rekèt ki jwe yon wòl kapital nan demach li antrepran pou ofri yon pi bèl imaj peyi Dayiti.

Antouka, tankou TRiboLAND te deja kòmanse li depi plizyè lane, Ariana fasilite yon pon atravè House of Challenge pou konekte Ayiti avèk rasinn zansèt li an Afrik, yon pasaj oblije pou yon lòt Ayiti.

Li enpòtan pou sinyale, prezans Tati Mendel, youn nan fòs titanik ki fasilite mobilizasyon yon gro “mouvman popilè pote kole” anfavè Ariana pandan tout sezon konpetisyon an.

Share:

Leave a reply