Divès Òganizasyon debaz ak sosyo politik kore chwa pouvwa defakto a, pou nome yon nouvo katèl nan tèt meri Tigwav la.

190
0
Share:
TRiboLAND

03 – 28 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès, yo bay jounen vandredi 27 mas 2026 lan, nan lokal yo nan vil Tigwav, plizyé òganizasyon debaz ak sosyo politik mete tèt yo ansanm pou kore desizyon gouvènman defakto a pran , pou nome yon nouvo katèl ki genyen nan tèt li, Fedner Admirable pou ki al mennen bak meri Tigwav la.

Nan okazyon an, ansanm òganizasyon yo deklare se yon tibagay tou piti nan kad yon kaye revadikasyon yo te prezante bay ansyen gouvènman premye minis Ariel HENRY a. Militan yo pwofite mande pouvwa Alix Didier FILS AIME ak tout direksyon jeneral enstitisyon yo nan peyi a, espesyalman direktè bwat biwo monetizasyon pwogam èd ak devlopman (BMPAD), Jacques Stevenson THIMOLEON pou akonpaye nouvo katèl meri Tigwav la, yon fason pou yo jwen mwayen finansye pou chanje figi Tigwav.

Tigwav pa sispann kraze ak gro tonton kamyon pwa lou; mete sou ansanm basen vèsan yo nan komin nan ki fin pote ale lavi anpil moun nan popilasyon an, epi inonde kay yo, tankou Rivyè Ladig, Rivyè Kayiman, Rivyè Koutis, Rivyè Barèt ak Rivyè Dlo Piti.

Toutfwa, ansanm òganizasyon yo, mande chèf gouvènman tranzisyon an, Alix Didier FILS AIME a, pou debloke tout gran aks wout yo nan peyi a epi òganize eleksyon onèt, kredid, transparant ak demokratik pou dote peyi a, yon nouvo prezidan lejitim.

Share:

Leave a reply