Tentativ yon atak nan yon sinagòg Izrayèl nan West Bloomfield, Michigan

210
0
Share:
TRiboLAND

Michigan, Etazini_______(TRiboLAND) Aksyon ki te fèt nan zòn West Bloomfield, nan rejyon Oakland, Michigan, vè 1:00 nan apremidi jedi 12 mas 2026 la, te koze anpil enkyetid avèk tranble janm. Yon jènn gason ki tap kondwi yon machin te pote boure anndan yon Sinagòg Izrayèl; li te frape pòt antre prensipal batiman an avèk machin nan.

Ajan sekirite nan espas la lan te reponn atan te ouvè zam sou machin nan, ki te genyen misyon pou eksploze sinagòg la ak tout moun ki te anndan li. Sispèk la ta mouri tèt nèg, daprè sa otorite lokal yo fè konnen.

Lapolis fè konnen endividi a te gen yon zam nan men li, e aksyon an sanble yon tantativ pou l te lanse yon atak manman penba nan espas la; aloske fòs polis lokal te konfime plizyè detonasyon kout zam, se konsa, yo te alète tout rezidan nan rejyon an Oakland lan, mete tèt yo an sekirite.

Daprè ofisyèl yo, pa gen moun nan tanp lan ki te mouri, men yon ajan sekirite te blese nan ensidan an. Lapolis te asire ke tout moun ki te nan espas la te deja evakye sen e sof. Kidonk, yon ankèt san pèdi tan deja dilijante sou yon parèy zak maljektè sou kominote jwiv la nan Michigan.

Share:

Leave a reply