Direksyon meri Tigwav mete yon nòt deyò pou anonse relouvèti li demen lendi 09 mas la.

258
0
Share:
TRiboLAND

03 – 08 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon nòt direksyon meri a mete deyò Samdi 07 mas 2026 la; li anonse popilasyon an ke meri Tigwav la ap relouvri pòt li lendi 09 mas 2026 kap vini la a. Apati 9 vè nan maten pou rive 4 trè nan aprè midi; tout sèvis yo ap disponib nan lokal li ki nan Ri Senpòl la. Direksyon an pwofite okazyon sa a, pou prezante eskiz li bay popilasyon an, pou ratman ki te genyen nan sèvis yo.

Yon lòt kote, lameri Tigwav mande tout moun kap genyen pou vin pran sèvis yo, dwe genyen yon resi pou al peye nan Kontablite meri a, a chak fwa y’ap genyen pou peye yon sèvis. Oken’n antite nan direksyon meri a, pa genyen otorizasyon pou resevwa lajan sèvis kontabilite enstitisyon an, ni oken’n moun pa dwe peye nan lari sou baz zanmitay. Lameri fini pou l remèsye tout moun pou bon koperasyon ak pasyans yo.

Nap raple, pòt meri a te fèmen depi lè premye manm nan, Jean Bertrand Subrème te fin mouri nan Desanm pase a; konsa, sa vin pèmèt 2 ajan egzekitif enterimè yo pa genyen siyati, pandan yo te twouve yo nan gwo difikilte pou yo fonksyone nan meri Tigwav la.

Se nouvo direktè jeneral meri a, mesye Ernst Denis ki pase paraf li anba nòt sila a.

Share:

Leave a reply