Lapolis ap fè bwas pou retrouve paran 3 ti inosan ki soti jis nan Pòdpe ak Janrabèl e ateri nan komin Obòyn

553
0
Share:
TRiboLAND

02/22/2026

Obòyn, Ayiti_____(TRiboLAND) 3 ti lèzanj ki pote non : Joanesky Etienne (10 lane), Elano Joseph (12 lane) ak Mackeny Auguste (14 lane) trouve yo nan komisarya Obòyn aprè ke lapolis te arive mete men sou yo ki te soti nan komin Jarabèl ak Pòdpe.

Enfòmasyon yo pa revele nan ki sikonstans ke yo te arive echwe nan rejyon Bòyn lan; sepandan, Mackeny Auguste ta soti nan komin Janrabèl, nan zònn Fon Rapadou e manman li ta rele Marie.

Aloske Elano Joseph ak tout Joanesky Etienne soti Dèyè Letan ak Fon Nimeròl. Manman Joanesky ta rele Man Kò e pa Elano a rele Man Brézil.

Antouka, lapolis ap fè anpil bwas pou rejwen paran twa ti gason say o; konsa, yo ankouraje moun ki konnen pwòch ti lèzanj yo, pran kontak san pèdi tan pou swit nesesè yo.

Share:

Leave a reply