Sidès / Edikasyon : Vizit enspeksyon nan lekòl La Montagne de Jakmèl, chanjman nan direksyon Lekòl Nasyonal La Croix

150
0
Share:
TRiboLAND

02/12/2026

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Direktè Wilfrid Lauture, akonpaye ak Enspektè Loudio Bazelais, te reyalize yon vizit enspeksyon nan plizyè etablisman eskolè ki chita nan seksyon kominal La Montagne, Jakmèl. Demach sa a antre nan kad swivi ak evalyasyon fonksyònman lekòl yo pou asire bon jan kalite ansèyman ak bon jesyon administratif nan zòn nan.

Pami lekòl ki te resevwa vizit la genyen: Lekòl Nasyonal Sable Cabaret, Lise Hermé Bayard, Lekòl Nasyonal Colin de Jakmèl, IMOLA, Presbitéral Sen Mak, Lekòl Nasyonal La Croix ak Lekòl Nasyonal Frontal. Pandan pasaj yo, otorite edikatif yo te fè echanj ak responsab lekòl yo, pwofesè yo ak kèk elèv sou kondisyon travay yo, prezans elèv yo, òganizasyon klas yo ansanm ak difikilte yo konfwonte chak jou. Vizit la te pèmèt yo fè yon konsta sou bezwen ki genyen pou amelyore enfrastrikti, materyèl didaktik ak disiplin nan kèk etablisman.

Nan menm okazyon an, otorite yo te anonse yon chanjman nan tèt Lekòl Nasyonal La Croix. Direktè Wanès Florial ranplase Mesye Edèze Remarque, ki pral pran direksyon lekòl la apati desizyon sa a.

Chanjman sa a fèt nan objektif pou ranfòse jesyon ak bay yon nouvo dinamik nan fonksyònman lekòl la. Responsab yo fè konnen yo pral kontinye ak vizit enspeksyon nan lòt lekòl nan depatman an pou amelyore sistèm edikatif la nan Sidès la.

Share:

Leave a reply