Disparisyon misterye yon jèn gason 24 lane nan Pòdpè

185
0
Share:
TRiboLAND

02/06/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè fanmi nan Pòdpè ap viv nan enkyetid depi disparisyon jèn gason Max Nerlin Sainvil, ki gen 24 lane e ki abite nan Ri Dikè. Daprè fanmi lan, Max Nerlin kite lakay li depi Madi 3 fevriye 2026, e depi jou sa a, li pa janm kite tras; sa ki mete pwòch li yo nan gwo tèt chaje.

Disparisyon sa a soulve anpil kesyon nan kominote a, pandan fanmi lan ap viv moman difisil, ap tann ak kè sere nenpòt enfòmasyon ki ta ka ede yo konnen sa ki rive jèn gason Max Nerlin. Pou kounye a, pa gen okenn endikasyon klè sou sikonstans disparisyon an, e fanmi lan lanse yon apèl ijan bay popilasyon an pou ede yo boske li.

Fanmi Max Nerlin Sainvil mande tout moun ki ta kwaze avè l, oswa ki ta gen nenpòt enfòmasyon sou kote li ye, pou yo kontakte san pèdi tan nimewo sa a: +509 4275 3049. Yon senp enfòmasyon kapab ede sove yon fanmi anba doulè ak enkyetid. Solidarite kominotè a rete kle nan moman sa a. ‎

Share:

Leave a reply