Direktè depatmantal ministè anviwònman Grandans lan, nan kad yon atelye sou jesyon basen vèsan yo egzije enplikasyon tout sektè yo.

173
0
Share:
TRiboLAND

02 – 03 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Anprezans diferan kad ministè anviwònman ak patisipasyon manm òganizasyon peyizan yo, etidyan inivèsite piblik kou prive, kad pesonèl administratif nan leta a, patnè finansye, direktè depatmantal ministè a, Kelly Maxia realize yon jounen atelye fòmasyon sou jesyon basen vèsan yo.

Diferan reprezantan sektè yo ki te patisipe nan atelye sila, poze pwoblèm yon seri otorite menm ki fe pati leta a kòm pwensipal andikap ki anpeche la lwa aplike nan pwan desizyon kap pwoteje anviwònman an. Kòm ekzanp, moun yo denonse moun swadizan agwonòm, polisye, ajan minisipal ki ap konstri kay ak latrinn nan anviwònman sous “Kleman” nan Bòd , youn pami sous dlo kap alimante vil Jeremi.

Fas ak konpòtman anachik sila, ki anti demokratik ke moun swadizan otorite ap afiche e ki pa danse kole ak la lwa, direktè Maxia mande pou tout moun nan sosyete a pwan konsyans nan manifeste respekte pou lalwa sou jesyon anviwònman, yon mwayen kap fasilite valorizasyon pwoteksyon lavi anjeneral.

Share:

Leave a reply