Gaz Lakrimojèn fè lekòl yo kouri anlè nan Pòdpè : Timoun endispoze, paran tranble anba panik

170
0
Share:

11/25/2025

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi madi 25 novanm 2025, plizyè elèv nan vil Pòdpè te pran endispozisyon aprè ajan UDMO yo te lage gaz lakrimojèn pou kraze manifestasyon chofè moto ki t ap leve vwa kont desizyon Majistra Josué Alusma.

Divès lekòl nan zòn nan te frape dirèkteman, timoun yo te kòmanse respire mal, pèdi konesans, gen ladan yo ki t ap touse san rete, sa ki te fòse pèsonèl lekòl yo bay premye swen prese prese. Nan kèk enstitisyon, direksyon yo te oblije libere elèv ki te twò afekte, pandan yo t ap chèche fason pou reyanime sila ki te tonbe endispozisyon.

Direksyon lekòl yo fè konnen yo te “depase nèt” devann sitiyasyon an, paske yo pa t atann yon zak konsa ki t ap mete sante ak sekirite timoun yo an danje. Atmosfè a te vin tèlman lou ke plizyè paran te pran lari prese prese, kouri al pran pitit yo pou evite pi mal rive yo, tandiske lari Pòdpè te kouvri ak panik ak move sant gaz yon antite ajan sangwen UDMO ki ta sanble ta resevwa lajan anba grif yon Majistra machokòt ki mare sosis koripsyon li ak pouvwa KPT Alix Didier a.

Evènman sa a soulve anpil kesyon sou fason otorite yo jere sekirite piblik ak konsekans aksyon represif sou enklizyon timoun nan mitan tansyon sosyal yo.

Share:

Leave a reply