Jounen entènasyonal Fanm Riral yo ak jounen Alimantasyon pou ane 2025 lan byen dewoule nan Jeremi.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou ane 2025 lan, Mouvman Fanm Grandans dekonsè ak Ransanbleman Madan Sara Ayiti y, realize yon gwo sòkòtò nan akazyon jounen Entènasyonal Fanm Riral yo (15 Oktob 2025) lan ak jounen Entènasyonal Alimantasyon lan, 16 Oktob 2025.
Sou tèm “Kore Madan Sara” ki bay lavi tete pou Ayiti pi djanm, pou make okazyon an, yon mès aksyon de gras realize nan Katedwal Sen Lwi; selebrangwo koudjay la, se Vikè jeneral lan, Fenel Lafleur anpwezans kèk otorite etatik ak sosyete sivil la.
Sou pak Sen Lwi, yon gwo fwa gastonomi ak patisipasyon Madan Sara yo ki te soti nan depatman Sidès, Sid, Nip ak plizyè komin nan depatman Grandans lan, te pote boure nan objektif pou vinn ekpoze pwodwi lokal yo.
Kòdonatris jeneral RAMSA, Jocelyne Jean Louis ak kodonatris MOFEDGA a, Roselord Aubourt nan non Madan Sara Ayiti yo ak fanm riral yo, mande pou ekip piyajè ki sou pouvwa ouvri wout Jeremi – Pòtopwens lan, yon fason pou moun Grandans al vann pwodwi yo nan kapital lan.






