Yon mouche ak tout madanm li asasinen nan Jakmèl

Jakmèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Se nan lanwit 14 septanm 2025 lan, Mireille Printemps, 79 rekòt e mari li Roger Jean Louis 74 rekòt arive asasinen ak kout kouto anndan lakay yo nan Lavale Jakmèl, nan lokalite Otif.
Viktim yo mouri lopital Sen Michèl aprè anpil manèv trese lèl, pou sove lavi yo, selon sa TRiboLAND arive rekeyi. Moun ke yo pat arive idantifye te antre san onè nan kare senmèt senkant fanmiy lan e mete fen nan lavi yo bwitalman ak kout kouto.
Pou koulya, kò viktim yo ap glase nan mòg, aprè konsta legal yo otorite jidisyè yo nan tèt kole avèk jij Antoine Alexandre nan depatman Siès peyi a.