Trajedi nan Petyonvil : Yon jèn seminaris touye tèt li nan lakou legliz Sen Pyè

Petyonvil, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon dram frape kominote Katolik la yè samdi 09 dawout 2025 lan nan Petyonvil, kote Abe Boursiquot Rodny, yon seminaris 26 rekòt, ki sòti nan Achidyosèz Pòtoprens, touye tèt li nan lakou legliz Sen Pyè a.
Selon plizyè temwen, jèn gason an ta pase atravè yon fenèt anndan batiman an, anvan li lage kò li anba, sa ki lakòz lanmò li bwit sou kou.
Abe Boursiquot te deja konplete etap filozofi nan akademi Gran Seminè Nòtredam e li tap kontinye ap prepare pou vin prèt. Lanmò li se yon gwo chòk pou Legliz Katolik ayisyèn, zanmi l yo, ak fanmi li.
Otorite relijye yo poko fè okenn deklarasyon ofisyèl sou sikonstans ki ta mennen zak trajik sila.






