Reyaksyon Bawo Lòd avoka Pòdpè yo, aprè deklarasyon chèf pakè Pòdpè a, Me Jéir Pierre, ki fè kwè avoka yo livre yo nan vann tè malere.

Share:
Triboland

Pòdpè, Ayiti_______(RiboLAND) Bawo Lòd avoka yo nan komin Pòdpè, reyaji aprè deklarasyon komisè gouvèman Pòdpè a, Me Jeir Pierre ki fè kwè gen yon rezo mafya avoka melanje ak isye, jij, apantè e notè ki lage nan zak eskanmotè nan vil la. Konsa, malfektè sila yo ki espesyalize nan tronpe vijilans Lajistis ak fè dap piyanp e vann tè peyizan yo atravè mannèv delwayal.

Atravè yon nòt ke yo adrese komisè gouvènman an, Me Jéïr Pierre, e ki pote siyati batonye lòd avoka yo nan vil Pòdpè, Me Edlet Louima, mande pou komisè Jeir Pierre drese lis tout avoka, jij, isye ak sibtiti komisè ki ta fè pati rezo sila k ap vòlò tè peyizan ak pèzib sitwayen nan depatman Nòdwès la.

Batonye Me Edlet Louima, kalifye deklarasyon komisè a kom fantezi ak difamatwa, alòs komisè Jeir Pierre konnen ke li pa yon moun ki onèt.

Pou pwoteste kont move ajisman komisè Jeir Pierre, kabinè avoka Me Gamas Estimond nan vil Pòdpè, site komisè a devan Tribinal Koreksyonèl pou deli ak difamasyon.

Share:

Leave a reply