Sendika Ansenyan yo nan Nòdwès denonse zak maspinay ak britalite polisyè yo komèt sou anseyan Williamson St- Fleur ,18 me 2025 lan nan vil Okap.

561
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti______TRiboLAND).Atravè yon konferans pou laprès , jounen madi 20 me 2025 lan, Sendika anseyan nan Nòdwès, ki regwoupe : REDANO, RENEDH, SNEF, e REFERANS, pou’n site sa yo sèlman, kondane ak tout fòs yo zak maspinay ak zenglendinay ajan polisyè politou yo fè sou kòlèg anseyan parèy yo, msye Williamson St-Fleur.

Sa ki pi rèd la, se anba 2 je nawè gouvènman demeplè a, polisye inyoran yo arive poze yon parèy zak malonèt nan moman selebrasyon 222è kreyasyon bikolò ayisyen an nan vil Kapayisyen.

Sendkalis sa yo ki te vrèman ankòlè nan deklarasyon yo, mande pou tout anseyan yo atravè peyi a leve kanpe pou mande, sanpèditan, revokasyon tout polisye ki gen men yo tranpe nan zak malonnèt sila.

Pwotestatè yo ale pi lwen pou mande egalman jistis ak reparasyon pou kòlèg St. Fleur, yon mannyè pou jan zak malonnèt sa yo pa janm repwodwi ou repete ankò, sou tè Papa Desalin nan.

Share:

Leave a reply