Me foto jounen dimanch 18 me 2025 lan!

Enel Richard
Foto sila mete toutouni konpòtman sadik ou kriminèl ki fèmen je yo sou mizè ak kalamite ke yo menm kreye nan pyafe nan kòripsyon san gade dèyè. Se reyèlman trajik, aprè 222 kreyasyon bikolò ayisyen an, sangwen toujou melanje ak etranje pou kontinye kenbe ayisyen nan povrete absolu.
Foto sila di anpil bagay; patikilyèman li depik lam ak konviksyon patriyotik menm timoun lakay ki eksprime pi bon sans fyète patriyotik ak ke dirijan sangwen ou malfektè lakay kap anbarase sosyete ayisyèn nan devan je planèt la.






