Inogirasyon Mozole Thomas Sankara : Premye minis Senegal la debake nan Wagadougou

Wagadougou, Boukina Faso_____(TRiboLAND) Premye minis Senegal la, Ousmane Sonko, ateri nan Wagadougou yè vandredi 16 me 2025 lan. Lè li desann nan avyon an, li te resevwa yon akèy granjan bò kote omològ burkinabè li, Rimtalba Jean Emmanuel Ouédraogo, ansanm ak plizyè prezidan enstitisyon ak manm gouvènman an.
Vizit mesye Sonko a, mete an evidans patisipasyon li nan inogirasyon yon Mozole pou onore memwà Prezidan Thomas Sankara ak douz lòt kanmarad li yo, ki pwograme pou aswè a ki se samdi 17 me 2025 lan nan kapital la, Wagadougou.






